Eklablog Tous les blogs
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

2022-10-12T17:05:24+02:00

panse ...

Publié par Gaelle.R

" Pa gad sou zanmi kap baw move konsey paske le male rive yap kouri kitew,

pa koute moun kap diw prese pouw we si wa fe degouden, pran tanw pou lew rive pouw pa al devan tribinal.

tout moun ou we kap di yo avew yo kouw raze yap demakew,

pa konte sou pesonn paske menm lonbray ou kouri kitew.

Mache nan on simitye wap we vale moun fanmi, zanmi yo bliye,

yo tap di mwen pap kapab anko pou ki wale, pran kriz poutan jodia yap viv e yo bliye.

sa ki te konn vinn pote fle men kounya tout fle yo tounen fatra.

kote moun ki te konn ap ekri bel pwezi, chante bel ti chante, kase ti bwa nan zorey ou yo? 

jodia yo fe vi yo ak moun pa yo.

Lavi a pote anpil posibilite,

ou ka kontan jodi epi demen ou tris.

Sak te la jodi pa la demen, granneg vinn tounen malere.

chen meg vinn gra, chat bouche vinn ap domi kay tayè

saw gen nan menw lan serel, jwi li paske demen li ka kouri kitew sanw pat atann.

---------------------------------------------------------------------------------------------

Lanmou bliyem li fem pase pou tochon anba chodye nwe,

ak dlo nan zye mwen pran pasyans map gade konbyen moun kap di "je le veux".

Map souri map bourike,

lanmou maltretem, li galopem, li kriminenm.

Se ato map damou, map kontinye fe chen nan pyel petet on jou la leve tet gadem.

Mwen bouke kite dlo seche sou mantonm pandan kem ap neye nan lapenn.

 

 

Voir les commentaires

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
commentaires

Girl Gift Template by Ipietoon - Hébergé par Eklablog